Solda Ayiti Ayiti Solda - Sekèl kolonial, yon maladi kronik...


Sekèl kolonial, yon maladi kronik

Se pa pa pi aza ke etranje ki rantre nan peyi ya fè foti n, epi ou menm ki orijinè peyi a se ou kap travay avek yo.

Yo debite avek pousyè, men sak yo te ranpli avek volonté pou yo reisi.
Yon lot faktè ki ede yo se sekèl kolonial la ki makonnen nou ki rann toujou o gadavou devan blan, sèvis rapid, lajan prete rapid, devan étrange à se wi patron.
Nèg nwè pa ka jwi prilèj ke etranje jwi lakay, se nan anpil mizè ak enterèt pete fyèl pou yo rive monte yo ti Zafè Bon. Etranje a gen disiplin nan travay li, travay li se yon fanm le li damou li pran anpil zwen pou li grandi l chak jou pi gran. Ti nèg kou yo ka manje yo komanse konte fanm o pliryèl e yo pa respecte klian yo yo ale menm nan chire banda avek klian yo ki pèmèt komès yo a ekziste a. Yo soufri yon maladi ki rele mal de parèt.
Yo krè le yon te sou do Cheval la yo se kolon konsa yo va arive di de yo , yo menm yo siperyè. Prete ti nèg lajan pou envesti se toujou yon l'as tèt sa ye, pi souvan plezi plase an premye nan vi yo. Yo pa renmen travay, yap travay sèlman nan yon strikti an plas, men pou yo mete e respekte strikti a li difisil anpil pou yo. Nan yon antreprize chinois ou la jwen tout yon fanmi ap travay ansanm, e yo travay avek detèminasyon pou yo pwodui vit e byen pou ayisyen si l vle antreprize la kraze se mete fanmiw ak zanmin ladan, se zanmin se fanmiw yo pa la pou travay anpil yo se moun patron an, yo ta pi vit mandew yon chèk mò. Kontradiksyon an avek etranje a, li tankou mi Berlin an.
Nan yon antrepriz etanje aysyen an travay anpil li renmen lwanj nan yon antrpriz ayisyen parèy li souvan yo travay avek nonchalant, kòm kwa se ta ka tradwi mwen pa rete avèw. Aysyen nan mantalite li gen bagay mwen ka fè pou kolon an ou moun ki sèvo avek yo Lou kolon an. Yon nan fòs majè ki ap depafini avek popilasyon ayisyenn nan sè le pa janm gen yon Leta ki panche sou eta psylolojik popilasyon an aprè périod esklavajist la. Se kondisionneman sèvo sa ki malad la ki pase de jenerasyon ki ba Nou jodia a sosiete sa ke nou eritye la. Pèp ayisyen malgre tout bèl diskou e tout evolisyon l a yon nivo kelkonk li rete kondisyone nan yon bouton prejije ak diskriminasyon. Plas kolon an rete yon antiz pou yo piramidalman, kondisynman sila se pwen santral li anpeche inite pran fòm li. Fok Leta pran responsabilité l yon jou pou li poze pwonlèm post esklavajist la, pou Nou ka konprann e rekonèt nou e arive viv ansanm.

Comments